Se pa Opozisyon an ki enmi #1 Martelly an Ayiti, Men se Koripsyon:Sondaj QC piblikasyon vandredi 26 Jiye 2013!

QuestCinq.com
Bonswa,
Jan mwen te anonse nan jou ki pase yo: QuestCinq.com ap piblye demen Vandredi 26 jiyè 2013 la nan maten rezilta sondaj li fè an Ayiti sou plizyè enstitisyon ak domen. Tankou Palman (Senatè/Depite), Prezidans/gouvenman, doub nasyonalite, jistis, fòs L’ONU yo, diplomasi elatrye…
Kanè ap bay 26 jiyè 2013 bone nan maten, vizite WWW.QuestCinq.com, sondaj la fèt nan lang Kreyòl Ayisyen pa genyen diskriminasyon.
QuestCinq.com asire nou tout li pap fe pwopagann pou okenn gwoup oswa pati politik ni andedan ni deyo Ayiti. QC se yon se yon Enstitisyon endepandan.
Pa ezanp, men yon kesyon: Pami Peyi sa yo kiyès ou panse ki pi enpòtan pou Ayiti sou plan politik ak ekonomik: Sendomeng, Kanada, Venezyela, La Frans, Kiba, Etazini?
Sèl sa mwen ka anonse nou si nan anpil lòt domen pral genyen pale anpil sou plan diplomatik : kapab genyen rèl kay makorèl : Match la rèd, mwen etone !
Kenbe red, bon nwi!
JWS