Latest News:

A government lawyer acknowledged Monday that the Trump administration will miss its first court-imposed deadline to reunite about 100 immigrant children under age 5 with their parents. Department of Justice attorney Sarah Fabian said during a court hearing that federal authorities reunited two families and expect to reunite an additional 59 by Tuesday’s deadline. She said the other cases are more complicated, including parents who have been deported or are in prison facing criminal charges, and would require more time to complete reunions. U.S. District Judge Dana Sabraw, who ordered the administration to reunite families separated as part of President Donald Trump’s “zero tolerance” immigration policy, said he will hold another hearing Tuesday morning to get an update on the remaining cases. He said he was encouraged to see “real progress” in the complicated reunification process after a busy weekend when officials from multiple federal agencies tried to sync up parents and children who are spread across the country. STORY FROM LENDINGTREE Crush your mortgage interest with a 15 yr fixed “Tomorrow is the deadline. I do recognize that there are some groups of parents who are going to fall into a category where it’s impossible to reunite by tomorrow,” he said. “I am very encouraged by the progress. I’m optimistic.” Lee Gelernt, an American Civil Liberties Union attorney who leads a lawsuit against the federal government, sounded more skeptical. When asked by the judge if he believed the government was in full compliance of the court order, Gelernt said there was much more work to be done. “Let me put it this way: I think the government in the last 48 hours has taken significant steps,” he said. “We just don’t know how much effort the government has made to find released parents. I don’t think there’s been full compliance.” U.S. District Judge Dana Sabraw, based in San Diego. U.S. District Judge Dana Sabraw, based in San Diego. (Photo: U.S. District Court) The difficulty in reuniting the first 100 children shows the challenge that lies ahead as the Trump administration braces for another deadline in two weeks to reunite nearly 3,000 older children – up to age 17 – with their parents. The process is complicated because of all the different situations that emerged over the weekend. The government initially identified 102 children under age 5 who needed to be reunited but removed three children from that list because investigations into their cases revealed that those children came with adults who were not their parents, Fabian said. Twelve parents were found to be in federal and state custody on criminal charges, making a reunification impossible since the government can’t transfer minors to state and local prisons to protect the well-being of the child. Nine parents were deported, and the government established contact with only four of them, Fabian said. Four children had been scheduled to be released from government custody to relatives who weren’t their parents, leading the government to question whether to allow that process to be completed or to redirect the child back to a parent. Gelernt said he understood many of the hurdles but urged the judge to force the government to scrap its time-consuming investigation into every single case and start a 48-hour clock to reunify families that remain separated by Tuesday. Sabraw said he would decide that during Tuesday’s hearing. Fabian said one of the silver linings of the busy weekend is that her office worked closely with its challengers at the ACLU to share information on each child’s case, to ensure that representatives from immigration advocacy groups and volunteer organizations could be present during each reunification. Gelernt said they’re doing that to help the parents, who are often released from custody with no money and nowhere to go. Fabian said that coordination has led to a more formalized process between government agencies and with the immigrants’ lawyers that should make reunifications go more smoothly in the coming weeks. “I think this process over the weekend helped us see what information, and in what form, is the most useful to share,” she said. “I’d like to make that as efficient a process as possible.” -

Monday, July 9, 2018

Trump denies US opposition to WHO breastfeeding resolution -

Monday, July 9, 2018

Mwen se moun nan Panyòl -

Monday, July 9, 2018

ZILE PAM NAN -

Monday, July 9, 2018

Havana plane crash leaves more than 100 dead -

Saturday, May 19, 2018

Shia cleric Moqtada Sadr bloc wins Iraq elections -

Saturday, May 19, 2018

Texas Gov. Greg Abbott: ‘We need to do more than just pray for the victims and their families’ -

Saturday, May 19, 2018

Donald Trump says he will meet North Korea’s Kim Jong Un on June 12 in Singapore -

Thursday, May 10, 2018

Trump tells FBI: ‘I have your back 100%’ -

Friday, December 15, 2017

Mueller requests emails from Trump campaign data firm: report -

Friday, December 15, 2017

GOP changes child tax credit in bid to win Rubio’s vote -

Friday, December 15, 2017

Trump Jr. is berated for tweet about ‘Obama’s FCC’ chair, net ‘neutality’ -

Friday, December 15, 2017

Prince Harry and Meghan Markle to marry on 19 May 2018 -

Friday, December 15, 2017

Walt Disney buys Murdoch’s Fox for $52.4bn -

Thursday, December 14, 2017

Roy Moore says Alabama election ‘tainted’ by outside groups -

Thursday, December 14, 2017

Eric Holder warns GOP: ‘Any attempt to remove Bob Mueller will not be tolerated’ -

Thursday, December 14, 2017

Former British prime minister: Trump attacks on press are ‘dangerous’ -

Thursday, December 14, 2017

China says war must not be allowed on Korean peninsula -

Thursday, December 14, 2017

Megyn Kelly left Fox News in part due to O’Reilly: report -

Saturday, April 15, 2017

North Korea warns against U.S. ‘hysteria’ as it marks founder’s birth -

Friday, April 14, 2017

Serge Gilles: Kont Politik Rache Manyok, Pou Mobilizasyon Jeneral pou fè Fas ak Desizyon Sendonmeng lan!

Serge Gilles

QuestCinq.com/Serge Gilles*

JWS:Ou komanse fè politik byen bonè, ou pati ou fè plizyè ane an ezil, retounen an Ayiti ou konnen ki sak rele refijye paske w travay pou Cimade kòm yonn nan responsab oganizasyon sa a. Nan jou ki pase yo, nou genyen yon sityasyon ki devlope nan Sendomeng, patikilyeman ki genyen pou we avèk diplomasi ant Ayiti e Sendomeng.

 Premye kesyon pou ou Senatè Serge Gilles kijan ou menm ki genyen eksperyans nan zafè refijye, ki yon lè tou, te yon ezile an Eròp. Ki lekti ou fè de sityasyon sa a, kote ‘Kou Konstitisyonel’ peyi Sendomen lan deklare: tout moun ki genyen orijin Ayisyenn soti  1929 jouk rive jodi a pa genyen okenn nasyonalite kay vwazen?

SG: Bon alò se yon disposisyon ke m konsidere kòm enjis, atantwa a la pèson imèn, e ki pou mwen menm fèt pou entèpele tout Ayisyen ke se swa andedan ke se swa deyò. Ki fèt pou entèpele tout latino ameriken ak gouvenman yo, e mwen pral di poukisa: Paske sa te komanse an Almay kòm sa, nan debi ane 40 yo avèk Itler kite anlve nasyonalite Almand, a tout Alman kite genyen orijin jwiv. E nou we kisa, sa te ban nou kòm rezilta. Mezi sa a ki pran nan Repiblik Dominkenn la a, pozisyon sa a ki pran pa Kou Konstitisyonel la (… erezman genyen 2 fam nan Kou a ki pa siyen zafè sa a,..parfois, heureusement, les femmes ont plus d’intelligeance… Parfois, oui, je dis…”sourire”, pas toujours…je tiens a signaler ca a l’endroit des femmes se pa pa aza ke 2 fam pa siyen l…).

Pwoblèm lan mwen kwè ke moun sa yo avèg, yo avegle pa poliitik entèn Repiblik Dominikenn (N’ayez pas peur des mots) yo se reprezantan….de yon sèten ekstrèm drat nan Repiblik Dominikenn,…ki repoze sou anti Ayisyanism, dok se sak ki fè mwen fè rapwochman sa a ant (Itleyism…) sak te pase an Almay ak sakap pase la a nan Repiblik Dominikenn.

Dok fòk tout moun veyatif sou kesyon sa a, pou tout dispozyon pran pou mezi sa a pa pase. Kèlke swa rezon an, se pou n fè gwo mobilizasyon laj- E se sak fè nou pwopoze nou menm, nan FUSION  e mwen MENM an peson:  nou pwopoze a gouvenman peyi a (Martelly/Lamothe) pou yo mande yon konferans entènasyonal sou kesyon sa a. Pou n evite pwoblèm a limonite. Paske si n kite Repiblik Domiken fè sa:  nou kite plas pou rasis, zenofobi aloske nou nan peryòd entèdepandans, donk se pa yon bagay pou nou aksepte ditou, si yonn ka fè l ou ka jwenn yon lòt ekstrèm dwat yon lòt kote ka fè l …se paske lemond pat reyaji, a tan nan ane 40 yo, ki fè nou te genyen 2èm Gè Mondyal la. Tout Ayisyen dwe fè yon sèl kò kont mezi sa a!

Se pa jwe map jwe non! Kòm ou di l, map fè bagay sa yo lontan. Se vre, mwen te direktè sant…”Cimade”se vre… Mwen konnen zafè refijye. Map siyale, nan ane 1970 yo, mwen te fè yon vwayaj an Repiblik Dominkenn mwen te vizite “Batey” yo.  Lè m te retounen an Frans, mwen te ekri yon atik pou m te denonse bagay sa a: “ De nouveaux esclaves dans les caraibes” kote te genyen yon maksimòm òganizasyon nongouvenmantal an Frans ak an Eròp espesyalman Fondasyon anti-esklavajis nan peyi Angletè, kite mobilize anpil sou zafè batey, sa te fè anpil bri. Dayè, se sak te fè yon nèg tankou ‘Lemoine’ te vi n ekri yon liv….e depi lè sa a, mobilizasyon te komanse, sou bagay sa a.

Mwen panse, sa fè lontan ke nap denonse bagay sa a. Pou anpeche mezi sa a, fòk mobilizasyon an jeneralize e tou patou. Se pozisyon m sou sityasyon sa a kap devlope a…e map repete ankò, kèlke swa pwoblèm yon Ayisyen ka genyen ak gouvenman Ayisyen an, nou dwe mande l, oblije l, fè presyon sou li pou l mande L’ONU oubyen l’OEA pou òganize yon Konferans entènasyonal avèk tout òganizasyon kap defann dwa moun avèk tout lòt nasyon pou yo kondane desizyon ‘Kou Konstitisyonel’ Repiblik Dominikenn nan, san fè detou (sans equivoque). Sa a, se pozisyon m sou dosye sa a!

JWS: Senatè Serge Gilles pandan nap pale de refijye ak diplomasi a, an nou gade kòman ou menm ou entèprete sipò diaspora a nan zafè politik an Ayiti (Ayisyen kap viv nan peyi etranje yo). Mwen konnen trè sètenman ou dakò moun sa yo, ki anpil nan yo genyen doub nasyonalite pote yon sipò ekonomik danble nan ekonomi peyi D’Ayiti. Men se pa pati sa ki enterese m, se relasyon politik ki ekziste ant Ayisyen sa yo ak peyi D’Ayiti ki pi enterese mwen: Ki pozisyon ou pèsonèlman sou zafè moun ki genyen doub nasyonalite ta jwen wòl politik nan zafè gouvenman an Ayiti , ki kote w kanpe sou dosye sa a?

SG: Bon mwen menm…mwen toujou, dayè, mwen ta mal plase si mwen pata defann zafè doub nasyonalite sa a. Etan done, mwen menm, mwen pase 25 kan nan peyi etranje, kom refijye politik. Mwen toujou pou doub nasyonalite e mwen kwè se pa entèlijan ditou pou moun ki kont doub nasyonalite yo. Se pa trè entèlijan: nan sans ke, diaspora a konstitye yon rezèv pou Ayiti… E yo menm di w si Ayiti ta itilize rezèv sa a, li tap trèdifisil pou Ayiti ta nan sityasyon nou ye Jodi a.

Mwen panse tout Ayisyen ki deyò pou yon rezon oubyen yon lòt, tout moun konnen kijan peyi a.  Enbe se Ayisyen yo ye, e yo gen dwa pou retounen lakay yo, e yo genyen gwo wòl ‘politik’ pou yo jwe a tous les niveaux sa a depi m te Senatè mwen te batay pou sa e jiska prezan map kontinye batay pou sa.

(…) Mwen kwè la a, se yon erè ke otorite Ayisyenn komèt, lè yo konprann yap etabli diferans ant Ayisyen andedan ak Ayisyen ki deyò yo….Nou tout se pitit papa Dessalines kèlke swa kote nou ye sou la tè. Fòk diaspora a jwe wòl politik li nan tout nivo nan peyi a.

JWS: Senate Gilles sou plan politik koman ou jije sityasyon politik la an Ayiti pandan nap pale a?

SG: Analiz mwen, nou an plen kriz enstitisyonèl, politik e an plèn  kriz ekonomik tou, se yon “sipèpozisyon” de kriz. Se rezon sa ki fè, nou menm nou pwopze pou n soti nan kriz sa a, pou n pa debouche sou yon katastwòf paske chak fwa nou kite kriz yo debouche sou katastwòf politik an Ayiti, an jeneral se etranje yo ki enpoze opinyon yo e an jeneral opinyon etranje a pa janm bon!

…Sa pa vle di mwen kont etranje non! Mwen pou koperasyon onèt pami pep yo, pami nasyon yo e ant gouvenman yo. Men mwen kwè chak pèp fèt pou l genyen responsabilite politik lakay li, resposabilite destine l map pale de tout Ayisyen ni sa ki nan peyi etranje ni sa ki an Ayiti, nou tout ansanm nou genyen responsabilite peyi a nan men nou.

Nou nan kriz, nou panse (nou menm nan FUSION) san yon dyalòg: yon dyalòg objektif, korèk, onèt, transparan avèk tout moun ki konsène yo tankou: Gouvenman an, pati politik yo, Palman an, sosyete sivil, gwoup ekonomik avèk diaspora a, pou n ka chèche yon konpwomi pou n wè si nou ka mete fen a bagay sa a.

Se sak fè nou menm nou pwopoze yon akò ki pou fèt ant Ekzekitif, Lejislatif, pati politi ak sosyete sivil la. Yon akò sou kèk pwen byen senp pou n debloke peyi a, pou n evite kawo (katastwòf).

E aprè akò a, pou n rive nan siyati yon “Pak de gouvenabilite”, fòk nou rann peyi a gouvènab. Nou fè pwopozisyon sa a: nou di l, e nou defann li, e nou kwè sa a se li ki vrè wout la. Paske si nou rete, nou kite kriz sa a, ap kontinye jan l ye la a: Nou genyen yon kriz enstitisyonèl ant ekzekitif ak lejislatif depi plizyè mwa. Kriz yo, kòz manifestasyon agoch adrat….genyen anpil mizè nan peyi a, nou genyen tout bagay sou do nou…Lè w rive nan sityasyon konsa, ki danjere: si pa genyen chita tande rezonab pou ka jwenn solisyon rezonab. E byen kriz la ap debouche sou katastwof, e lè sa rive: Ou tonbe nan rache manyòk…e bagay sa yo, chak fwa eksperyans sa yo fèt, yo pa bay pyès rezilta, okontrè politik rache manyòk  mete nou  kote n ye la a.

JWS: Ki opozisyon nou genyen nan peyi a: Konriktiv oubyen destriv? Eske ou panse l genyen yon wòl ki pi enpòtan pou l jwe nan peyi a?

SG: …Si nan yon peyi  paka genyen opozisyon se diktati ou genyen. Sepandan genyen moun ki gen dwa pa dakò ak opozisyon nan peyi a pou divès rezon…Mwen menm mwen panse genyen yon opozisyon pliryèl nan peyi d’Ayiti…[li kontinye pou l defini diferant kategori] pami yo li pale de opozisyon rezonab, demokratik, opozisyon popilis ou byen jikoboutis. Senate Gilles panse: Moun ki fè pati opozisyon demokratik la oubyen rezonab la fè mwens eskandal ke opozisyon jiskoboutis la nan peyi a.

Men li pran swen pou l repete genyen opozisyon nan  peyi a paske si n pata genyen opozisyon peyi a te fini deja.

JWS: Si se sa, Senatè kòman ou konsidere Fusion ke ou se yonn nan gwo zotobre ladan n pa rapò a pouvwa a. Nan ki kategori opozisyon FUSION ye? Eske FUSION ap travay pou peyi a gouvènab kòm sa dwa (eli yo fini manda yo elatrye…)?

SG: Kite m mete l klè, Fusion se yon pati sosyal demokrat (mwen vle l klè pou tout moun) 2) Fusion nan opozisyon, yon opozisyon konstriktiv ki pa fè pati pwoblèm lan, men kap cheche solisyon pou pwoblem yo. Se pou rezon sa a, nou pwopoze pou nou jwenn yon akò avèk tout sektè kap lite nan peyi a pou demokrasi.

Dayè, mwen panse si pat genyen opozisyon nan peyi a nou patap genyen timinimom demokrasi sa a, nou genyen la a. Aloske moun gen dwa padakò avèk kèk estrateji divès gwoup anplwaye nan opozisyon an. Men genyen opozsyon si yon moun kwè yon lòt bagay se yon mansonj.

Rezilta ke n genyen la a, menm Mr. Martelly ki Prezidan peyi a konnye la a, si pat genyen yon opozisyon kap batay pou eleksyon ak demokrasi ebyen li patap la a….menm si sete eleksyon chov souri eleksyon te oblije fèt kanmem anba presyon kifèt […nan radio ak òganizasyon dwa moun kite kore opozisyon demokratik la].

Se pou sa, mwen ki manm yon pati politik ki nan opozisyon responsab e demokratik la, nou vle rive nan siyati yon akò nasyonal pou nou evite kawo (katastwòf) nan peyi sa a.

JWS: Okay! Nou li anons ke responsab FUSION yo pataje sou facebook pa ekzanp kote nou anonse plizyè la vironn dede nan plizyè depatman jewografi peyi a. Pou kisa tout vire tounen sa yo nan peyi a an 2013,  kisa nap prepare ekzateman?

SG: Wi se vrè, FUSION genyen lontan lap ògnize l nan peyi a. Depi aprè Kongrè Mirebalais a (avèk 6 mil delege )…se vrè nou òganize seyans fòmasyon ke n rele inivesite dete, nou òganize 14 a 16 aktivite nan tout depatman yo…se vrè Fusion ap òganize aktivite nan depatman yo pou ranfòse estriti kominal ak depatmantal FUSION yo… si pèp la pa fòme ap genyen anpil pwoblèm pou sa li bay tèt li responsabilite fòmasyon nan sans ki ale ak ideoloji pati sosyal democrat ke Fusion ye a.

…Nou vle pou eleksyon òganize nan peyi a avèk yon Konsèy Elektoral Endepandan san eksklizyon (li peze sou KEP endepandan) se konsa nou wè l…

FUSION pa kwè nan lòt metòd ke eleksyon ki òganize avèk patisipasyon pèp la avèk yon KEP endepandan.

JWS: Senatè Gilles kite n mande w sa: Ou sanble genyen dout? Ou panse Konsèy Elektoral sa a ki la a avèk gouvenman Lamothe/Martelly a kapab fè eleksyon korèk e konfòm nan peyi a?

SG: A bon alò se byen domaj paske KEP sa a kila a  pran yon seri inisyativ kifè ke li pa gyenyen kredi, pa ekzanp denyè dispozisyon li sot pran la yo, san okenn diskisyon avèk okenn pati politik…Sil pran lòt inisyativ ki  vi n ba l kredi na wè. Men pozisyon n nan FUSION fòk ta genyen yon KEP, men yon lòt KEP yon KEP endepandan.

JWS: Mmmm, Senatè ann kite dosye eleksyon sa a an atandan. Pou m mande ki wòl ou panse jenès la ka jwe nan politik peyi a?

SG: Genyen 2 gwo fòs nan peyi Yonn se Jenès la e lòt la se medam yo (la femme). Konsa tout pati politik serye ki vle fè yon bagay nan peyi a, fòk li bay yon enpòtans espesyal a jèn yo ak fanm nan peyi a.

Nan FUSION nou konsidere jèn yo ak fanm yo, kòm gwoup ki merite anpil atansyon (nou rele yo: gwoup sib) paske si nou rive entegre gwoup sa yo nan pati politik ( … kite m ouvè yon parantèz sou pati yo ankò ou paka genyen demokrasi san pati politik kisa Eròp tap ye? Kisa Etazini tap ye? Mwen femen l)…‘Sans une forte participation de la jeunesse, sans une bonne formation de la jeunesse, sans une forte participation des femmes et une bonne participation des femmes e si nou pa teni kont de diaspora a peyi a pa prale okenn koteSe.’

…Se sak fè nan FUSION kote m ye a, mwen mize anpil sou jenès la. Konsa mwen kwè tout pati politik serye dwe kontribye nan fòmasyon jenès la ak entegrasyon medam yo nan politik peyi a. Epi bay diaspora a responsabilite politik sispann konsidere diaspora kòm vach bèf la (vache a lait) se pou n konsidere diaspora kòm pitit peyi a “nan tout sans tèm lan”, nou tout se pitit Dessalines.

JWS: Ou se yonn nan “rare” chèf pati politik kite devni Senatè  peyi a, an jeneral chèf pati yo, an Ayiti se Palè Nasyonal ki enterese yo. Kisa kite pouse w pran desizyon sa a?

SG: …Ou sonje, mwen sot di w mwen se yon sosyal demokrat, mwen pa rantre nan yon pati politik pou m vi n Prezidan. Mwen manm pati politik pou m ka patisipe nan politik peyi a. Mwen panse mwen ka patisipe nan politik peyi m nan tout nivo. Mwen te militant, aprè vi n responsab, mwen vin Senatè, kandida pou Prezidan. Se menm jan an, mwen ta ka kandida pou Depite, majistra oubyen nan nenpòt pòs kote m ka itil…se konsevatè ki panse konsa (kòm si se prezidan pou yo ye kòm chèf pati…) kote pèp ou, rele w, kote pèp ou, santi ou ka itil la se la pou w ale!

JWS: Si se konsa, Senatè Gilles nan eleksyon ki pral fèt yo, nan ki pòs nap jwenn Non Serge Gilles kòm kandida?

SG: Ah! Non, non ce n’est pas encore decide…lè n pran desizyon se an ekip! Fòk mwen di w li ankò, mwen pa yon nèg ki sèl se ekip…sa poko nan tèt mwen. Se FUSION ak bezwen popilasyon an ki detèmine sa, se pa mwen menm.

JWS: Dakò, sa vle di nou pa bezwen atann okenn sipriz kote brid sou kou nòt pa pral  soti pou di nou Senatè Gilles pran retrèt li nan politik?

SG: Non! Tout tan lespri a ap fonksyone nòmalman map kontinye fè politik men si pa ekzanp pati kote m ye twouve mwen kòmanse “gaga” [pwop mo l] yo ka sispann mwen. Men tout o tan tèt mwen ap travay byen, mwen nan politik pi rèd!

JWS: Genyen yon zafè kolera nan peyi a an definitive: Si w te Prezidan peyi a, sa w tap fè ak fòs UN yo nan  peyi a?

SG: Sak ta jis pou pèp Ayisyen an, tout moun ki victim nan kolera a: pwiske li pwouve pa tout enstans yo ke kolera a vini pa yon batayon Minustah. Fòk ONU rekonèt li. 1) Mwen panse li jis e mwen dakò ak tout moun kap travay pou yo dedomaje tout fanmi ki victim. 2) Fòk genyen dispozisyon kipran nan nivo nasyonal ak entènasyonal pou yo eradike zafè kolera sa a nan peyi d’Ayiti. Konsa mwen kwè avèk 2 pozisyon sa yo bagay la klè e tout pati politik responsab fèt pou dakò.

Nan sans sa a, nou salye travay kap fèt nan diaspora a espesyalman tout moun sa yo kap kwaze fè avèk ONU pou l rekonèt ke yo komèt erè an Ayiti. E ke ONU responsab zafè kolera nan peyi a pou ONU dedomaje moun yo epi eradike l.

JWS: Kòm nap pale de ONU kite mwen mande w nan ki dat oubyen kòman Minustah ta dwe kite peyi a?

SG: Mwen menm mwen pa pami moun ki di Minustah dwe pati tou swit yo. Tout moun konnen nan ki kondisyon Yo te rantre nan peyi a. Yo te rantre akòz erè nou. Se sak fè m di konnye a fòk nou pa komèt menm erè a ankò. Fòk nou chèche yon akò. Se paske nou pat ka rezoud pwoblèm nou ki fè Minustah rantre nan peyi a e nou genyen tout pwoblèm sa yo. Yon moun lè m wap fè politik fòk ou pa manje, manje blye! Kòm Minustah la a, fòk nou pran tout dispozisyon pou lè yo ale pou nou pa rele yo ankò.

Kòm Konstitisyon an li menm (87 oubyen amande), li rekonèt 2 fòs nan peyi a…avèk tout pwoblèm anviwonmantal yo nou bezwen yon lòt fòs ankò. Nou menm depi konnye la a fòk nou prepare pou n konble vid Minustah ap lese lè l pati…E nan akò nap chèche a fòk nou antann nou sou fòmalite sa a. Li rantre nan zafè sekirite peyi a, nou dwe konnen Minustah genyen pou ale se pa kisa nap ranplase l?

JWS: Senatè Gilles mwen ak QuestCinq.com di w mèsi!

SG: Trè byen mwen prezante n felisitasyon pa mwen, mwen apresye jan konvesasyon sa a te dewoule nan respè, e se sak fè nou te jwenn tout  repons sa a. Mèsi bon travay a tout ekip la, kontinye!

SG: Serge Gilles

JWS: Jean-Wisly Simon

Twitter @Questcinq

 

 

Comments
One Response to “Serge Gilles: Kont Politik Rache Manyok, Pou Mobilizasyon Jeneral pou fè Fas ak Desizyon Sendonmeng lan!”

Yahoo! Status Checker by Techya