Haiti: Devan pòt tounen Dèyè kay!

QuestCinq.com
Mwen aprann: Nan tan sa a, si w pa bay tèt ou yon bagay, pa genyen moun ki ka ba ou li.
Mwen panse kòm, mwen genyen obligasyon menm jan ak tout lòt moun kite la avan, Jodi a ak demen nou genyen reponsibilite tou. Mwen considere Haiti tankou yon ‘machine’ ki sou BACK:
Lè nou pati kite Ayti, nou fèsa pou plizyè rezon. Genyen nan nou se paske:
1) Paran voye chèche nou.
2) Nou al etidye
3) Nou deside kite avèk ou san viza (revolte kòt mizè ak dezespwa)
Genyen lòt toujou men ann sèvi ak sa yo Sèlman.
Kèlke swa rezon kifè ou te pran desizyon sa a, nou tout vle oubyen ta renmen Ayiti chanje. Pi fò nan nou dakò: viv nan peyi etranje genyen anpil pikan kwannan.
Sakrifis yo lou sou do yon moun ki debake nan yon peyi etranje, Etazini pa ekzanp: Se yon lekol!
Anpil moun chwazi al lekòl, li vi n pi rèd ankò. Genyen lòt ki pou anpil rezon pa ale menm lè yo te vini pou sa akòz ekzijans (mwen pa blame pèson)…
Anpil fwa, se apre ou fi n kite Haiti, pou w ran ou kont konbyen ou renmen l. Avan sete pati, aprè ekzperyans lan, wap mitonnen tèt ou pou w ka tande ki jou kap genyen bon nouvèl sou Haiti paske zòt anvi retounen menm lè l pa konnen kilè vre! Haiti: Devan pòt tounen Dèye kay!
Mwen di tout sa pou m ka di nou: Kriz politik nan peyi D’Haiti anpeche anpil moun reyalize rèv yo: Andedan ak deyo peyi a.
JWSimon